Le Nouvelliste : Rive premeye pou bout 5 desann, Festival entènasyonal literati kreyòl (FEL) ap tanmen. Avèk ki santiman w ap patisipe nan twazyèm edisyon festival la ane sa ?
Lyonel Trouillot : Mwen toujou bay pri, distenksyon, lonè mwen resevwa isit plis valè senbolik pase sa mwen resevwa, kreye, devlope sistèm ak ògan valorizasyon pa li. M ap di sa lontan. Sa te menm fè kèk moun ki alyene te eseye leve kabal ki pa t merite egziste. Ajoute sou konsiderasyon jeneral sa a, envite donè Festival entènasyonal literati kreyòl se pran yon plas enpòtan nan pwosesis valorizasyon ak literati kreyòl isit ak tout lòt kote yo ekri an kreyòl. Li lè, li tan pou rekonèt valè travay ekriven lang kreyòl yo, fasilite rankont ak echanj ant ekriven sila yo e pèmèt yon piblik pi laj li, tande, dekouvri kalite literati an kreyòl la. Se domaj festival la, menmjan ak lòt aktivite kiltirèl yo, ap fèt nan yon moman kriminalite ap frape tout sektè nan popilasyon an. Rezon ki fè nou plizyè endividi ak enstitisyon ki pran desizyon, an siy pwotestasyon kont sitiyasyon an e kòm yon egzijans nou fè moun ki gen pouvwa politik la nan men yo pou yo jistifye lajan n ap peye yo a, pou nou pa fè aktivite « an prezansyèl ».






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.