Le Nouvelliste : « Powèm nan pran machin » nan 5èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, sa se yon nouvote. Rakonte nou kòman sa pase ?

Anivince Jean Baptiste : Efektivman. Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, kòm premye evènman literati kreyòl nan Karayib la, vle plis enklizif posib, kote n ap reflechi chak jou ki jou sou posiblite pou plis kouch nan popilasyon an dekouvri bèlte ak richès divèsifye literati ak oraliti kreyòl la. Wi. « Powèm nan pran machin » se yon nouvèl pwopozisyon atistik nou lanse nan 5èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl nan sousi pou n vilgarize ak demokratize plis toujou pwodiksyon literè lang lan. Se pou sa menm nou di, ak «Powèm nan pran machin», olye se moun yo ki vin jwenn FEL, se pito FEL ki ale jwenn yo kote yo chita nan machin nan pou ofri yo yon anbyans literè wòdpòte. Kidonk, se menm espas kote pasaje yo chita nan machin nan ki tou tounen yon sal espektak pou yo viv emosyon, sansiblite ki abite yon powèm, yon lodyans oubyen nenpòt lòt kreyasyon atistik nan lang kreyòl.