« Journée du livre et des médias haïtiens de New York » ap dewoule 20 - 21 avril 2024 la nan Gateway Christian Center (North Central Avenue Valley Stream, New York 11580) sou tèm «Explorons la pensée et la créativité plurielles de la littérature et des médias haïtiens». Nan meni festivite sila a, responsab yo prevwa yon latriye aktivite, tankou : konferans, atelye kreyasyon literè, kozri, tablewonn, prestasyon atistik, dine literè, elatriye. Akademisyen kreyòl Lyonel Desmarattes ak Darlène Lozis pote chapo envite donè evènman an ki se yon inisyativ Haitian American Foundation For Educational And Exchange (HAFECE) ak « Radio Television Haitiana ». 

Lyonel Desmarattes : yon jounalis, yon ekriven devwe pou lang kreyòl