Jounalis, ekriven ak akademisyen Lyonel Desmarattes pral frape yon gwo kou nan okazyon pwochen Jounen Entѐnasyonal Liv ak Medya Ayisyen yo ki fikse pou samdi 20 ak dimanch 21 avril 2024 la nan Long Island, New York kote, dayѐ, li se ko-envite donѐ. Fwa sa a, kreyolis sa a, ki genyen deja plis pase 10 liv nan palmarѐs li, monte wo epi ale lwen pou l vini avѐk pwochen pwodiksyon l la, sa nou te ka rele deja yon veritab las datou, yon liv-referans ki pral okipe yon plas apa nan bibliyografi kreyòl la: se yon adaptasyon kreyòl youn nan liv moun plis li nan mond la. N ap pale de chedѐv osinon liv-referans “Alexandre Dumas Père” la, “Les Trois Mousquetaires”. Puiske ekriven belanswa (Belans, vil peyi) a santre travay la sou dѐnye nan 4 mousketѐ yo, li rele liv li a “Chevalye d’Artagnan oubyen yon 4ѐm Mousketѐ”.
Vremanvre, Oganizatѐ Jounen Liv ak Medya Ayisyen an, edisyon 2024 la, ki pral dewoule nan New York nan dat samdi 20 ak dimanch 21 avril la, pral pwofite okazyon an pou yo ofri ko-envite donѐ a, jounalis, ekriven ak akademisyen Lyonel D. Desmarattes,yon okazyon pou li fè vant-siyati dènye liv an dat li, “Chevalye D’Artagnan ou yon 4ѐm Mousketѐ”, ki se yon adaptasyon kreyòl yon volim nan chedѐv otѐ fransѐ Alexandre Dumas Pѐre. Yon kòlѐg Desmarattes, Akademisyen Serge Bellegarde, tradiktѐ-entѐprѐt pwofesyonѐl ki te pase 40 tan sѐvis nan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) fè konnen, nan prefas li ekri pou liv la : “Mwen sispѐk sa ki motive Desmarattes pou l abòde travay Dumas a epi pran tan pou l mete li nan lang kreyòl ayisyen an, se non selman le fèt ke woman an gen yon renomen mondyal ki jistifye ke yo adapte li, tradui,I enteprete li nan divès lang, avèk adaptasoyn pou ti ekran ak gran ekran; men tou paske otѐ franse a sete pitit yon kolon blan kite pran nesans nan Jeremi, pandan peyi a te toujou rele Sen Domeng, anvan li te vin Ayiti peyi lib e endepandan..”






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.