Pierre Michel Chéry fèt 18 mas 1956 nan komin miragwàn, depatman Nip peyi Dayiti. Li te yon enfòmatisyen, yon jesyonè ak yon ekriven tou. Li se manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA).

Li genyen yon metriz nan enfòmatik nan Inivèsite Commonwealth Open University nan lane 2002 ak yon lisans nan jesyon nan Université d'État d'Haïti (Inivèsite Leta Ayiti) nan lane 2006. Li ekri sèlman nan lang kreyòl ayisyen an. Li se otè plizyè woman, atik sou literati ak kilti ayisyen an. Travay li nan IOCP (International Organization of Creole People) ak nan Reka ((Rezo Kreyolis Ayisyen) te pèmèt yo konnen li aletranje. Li se youn nan otè les pratiques idéologiques en Haïti, Vues à travers l’émission radiophonique Ann pale politik.