Pou akademisyen Pauris Jean-Batiste, « Pierre Michel Chéry pa t sèlman yon kòlèg akademisyen pou li. Se te yon frè, yon zanmi, yon konsiltan. « Nou t ap defann menm koz la : Akseptasyon nou e respè nou, tout nou menm kòm ayisyen. Nou kwè nan kapasite nou pou nou vanse ak mwayen nou posede san rejte èd zòt ka founi nou ak onè respè. Nou pa ni enferyè ni siperyè ak lòt. Nou senpman pa toujou wè  menm jan. Pierre Michel Chery ak mwen wè anpil bagay menm jan. Disparisyon misye pene m anpil anpil ».

Akademisyen Guy Gérald Ménard deklare : «  Mwen pran yon gwo chòk lѐ mwen aprann lanmò akademisyen Pierre Michel Chéry. Mwen te konnen kòlèg la t ap goumen ak maladi depi kèk tan, men m pa t panse li te pre pou kite nou.