Le Nouveliste ( LN ) : Richardson Jeune, ou se yon gason, yon otè epitou imen. Si w ta dwe prezante w, kisa w te ka di nou ankò ?
Richardson Jeune ( RJ ): Jan w di a, se verite, mwen se Richardson Jeune anpil moun rele m Jeurichard. M se nèg komin Bomon, yon komin nan depatman Grandans peyi a. Se nan komin sa a m grandi epi aprann premye nosyon lekti ak ekriti nan kolèj Laprovidans ki rete youn nan enstitisyon ki make lavi m. Dayè se la m ta pral konnen ki sa sa vle di onè ak merit lè m te fi n loreya nan sètifika. Kote m fèt la repite pou kilti yanm. M se pitit yon fanm dyanm ki aprann mwen konnen se li k papa m ni manman m. M etidye syans levasyon ak yon oryantasyon nan administrasyon eskolè nan Inivèsite piblik Grandans lan (IPGA) epi m gen yon espesyalite nan sikopedagoji ak Enstiti pou rechèch ak etid nan edikasyon (SHERE), m se fondatè Sant animasyon sosyal ak kominotè peyi Dayiti (CASCH), yon estrikti li kreye nan lane 2021 k ap travay nan devlopman kominotè.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.