Le Nouvelliste – LN: Avèk plis pase 60 % popilasyon kreyolofòn nan Karayib la, li klè Ayiti reprezante pi gwo moso nan kreyolofoni an. Anpil moun menm kwè se yon atou babemoustach pou peyi nou an. Daprè ou kòman Ayiti ta kapab esplwate reyalite sila a pou li epi, sitou, nan dinamik konstriksyon yon kreyolofini solid e solidè?

Fabian Charles – FC : Ayiti se pi gwo peyi kreyolofòn. Nou ta dwe travay pou avantaj kiltitirèl sila a tounen yon avantaj politik. Yon gwo peyi tankou Ayiti nan Karayib la ta dwe yon fòs estratejik pou nou fè pwomosyon literati ak kilti. Nan kèk sektè tankou mizik, Ayiti se yon peyi ki gentan ap mennen nan lòt rejyon kreyolofòn yo. M te fè yon vire Matinik nan kad yon vwayaj touristik e m te vin konprann konpa se yon estil mizik ki popilè nan tout kreyolofoni an. Politik ak kilti se zam ki mache ansanm pou enfliyans yon peyi ak devlòpman li. Kreyolofoni an ba nou pouvwa, fòk nou sèvi avè l.