Sant Kiltirèl Lawouze (SKL) ap make yon etap enpòtan nan mwa oktòb 2024 la, pandan l ap selebre 10 lane angajman san rete pou pwomosyon liv ak kilti nan kominote Laskawobas ak lòt zòn nan Plato santral la. Strikti sila kreye an 2014. Se yon gwoup inivèsitè ak pwofesyonèl ki pran inisyativ sila, SKL te devlope kòm yon espas enpòtan pou jèn ak timoun kote yo ka eksprime kreyativite yo, aprann, epi devlope kapasite entelektyèl yo. Nan moman SKL te fonde, Plato santral te bezwen yon espas konsa. Yon espas rankont, yon espas pawòl lib. Yon espas moun k ap aprann, echanje, diskite, debat anje yo.

Depi lè sant lan fonde, ekip k ap dirije li a pran anpil bèl inisyativ pami yo, Bibliyotèk ISSA Fatiman (BIF), ki te inogire an 2018, se zèv Sant Kiltirèl Lawouze. Bibliyotèk sila gen yon koleksyon ki gen plis pase 2 000 liv. BIF sèvi prensipalman jèn yo, men li gen liv pou tout laj ak enterè. Bibliyotèk la fè pati misyon SKL pou pwopaje lekti ak kilti, pa sèlman nan Plato santral, men tou nan tout Ayiti. “Nou te lanse SKL paske nou te wè yon mank espas pou jèn yo aprann ak devlope aprè lekòl ak legliz. Liv ak kilti se zam nou chwazi pou fè diferans nan lavi kominote nou an,” eksplike Abydarlyne Jouth, kòdonatris Sant Kiltirèl Lawouze.