«DAT»: yon ti rekèy byen banda ki soti nan EDISYON FREDA / Association FEL Caraïbes, 2022, avèk ilistrasyon atis Rénold Laurent. Ti fòma, kouvèti bèl koulè avèk foto otè a ki se yon priz Isaac Dorvilus. Konsepsyon ak reyalizasyon grafik nan Eva Imprimerie. Otè a te dedikase yon egzanplè “pou Che Che, yon zanmi, yon mentò”.

Orso Antonio Dorélus ekri yon bèl prefas 9 paj pou “Dat”. Men yon apèsi de sa li di : “ Dat se yon powèm ki twouve sans li anndan sistèm operasyonèl mantal lòm k ap vomi lapanse sou tout fòm. Kote chak panse kapab trennen yon lòt panse. Panse pwetik sa a vini san enfliyans mòd operatwa eksteryè yo, li sèlman sibi griy kritik òganik mantal powèt la pou powèm nan pa pèdi esans endepandans li parapò ak reyalite a.”