Ane 2024 la prèske ap tanmen bout li. Se lè bilan ? Bilan koze kilti ak literati. Chak ane nou toujou gade liv ki te pibliye, edisyon ki fenk parèt, otè k ap ekri an kreyòl k ap jwenn lejitimite. Yon jèn otè paka jwenn lejitimite san l pa pibliye, san l pa envite nan festival, san pri literè. Nan Qu'est-ce qu'un auteur mondial ? Gisèle Sapiro fè konnen lejitimite yon otè konte anpil nan vin fèl vin yon otè mondyal oubyen nasyonal. Youn nan lòt faktè enpòtan ki bay otè lejitimite se tradiksyon. Nan ki lang ou tradui ? Angle, espanyòl, alman se pami kèk lang k ap domine mache mondyal la. Toujou nan liv Gisèle Sapiro a li fè konnen almay se peyi ki bay plis pri nan koze tradiksyon. 

Isit an Ayiti tradiksyon s on koze ki konplike. Li ra pou m pa di sa poko fèt pou yon jèn otè ayisyen ekri yon liv an kreyòl pou l tradui an franse, angle, alman, syedwa. E nan otè ki fin gen tout lejitimite, sa n rele gwo non nan literati yo, se kèk nan yo ki otè mondyal s in ta konsidere faktè sosyològ Gisèle Sapiro yo.