Lejitimite se yon faktè enpòtan nan sa ki gen pou wè ak literati, menm nan tout domèn. Lejimite a kapab vini plizyè fason. Pafwa li kapab vini avèk eksperyans, li kapab vini ak konpetans, elatriye... Kisa lejitimite vle di ? Pou Larousse lejitimite “karaktè sa ki fonde nan dwa". Sa ki legal. Lejitimite pouvwa. Lejitimite egal sa ki pèmèt. Nan ka yon ekriven ki jan li ka gen lejitimite ? Ekriti se yon aktivite atistik. Se yon mannyè otè yo itilize pou kreye pwòp mond pa yo. Pou mwen menm ekri se deja yon zak lejitim. Se pa tout moun ki ka leve yon bon maten pou di mwen pral fè mo yo rakonte lemonn. Mwen pral fè mo yo reflete emosyon. Lè yon moun azade ekri, se yon aksyon lejitim. Men nan sa ki gen pouwè ak ekriti apre piblikasyon liv se lektè yo ki bay lejitimite tout bon vre. Nan bon ti mamit. Nou pap bliye fòmil Baudelaire a "Hypocrite lecteur, mon semblable, mon frère!". Raymond Queneau ale pi lwen menm pou l di lektè yo se "tiyè". Se lektè ki konsakre, ki fè edefè. Yon otè ki toujou ap pibliye liv men liv li pa janm vann paka gen lejitimite sou okenn baz. Fòk otè a omwen gen lektè.
Se sa nou li nan “L’écrivain comme instance de création et de legimation ». (Musanji Ngalasso-Mwatha). Lejitimasyon an sòti pafwa dirèkteman kay lektè yo. Men poukisa yon ekriven bezwen lejitimasyon ? Kisa sa itil yon otè ? Li pèmèt li jwenn plis envitasyon, li pèmèt otè a li plis, li pèmèt plis tradiksyon elatriye.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.