Lè yon ekriven pibliye premye liv li, mwen toujou konsidere li fè lektè yo ki pwal li liv la yon pwomès. Gen otè ki fè nou pwomès sa pou lavi. Pafwa yon sèl liv konn make lektè yo pou toutan. Gen anpil otè konsa nan literati ayisyen an ki selèb, ki make literati ayisyen ak yon sèl liv. Mwen ka site Farah Martine Lhérisson, Yanick Jean, Jessica Nazaire ak yon pakèt lòt ankò. Philippeson Juste, ki rele tèt li Mapou lib e libè, fèk fè nou yon pwomès avèk "Bout souf", yon liv ki pibliye nan edisyon Papye9 an Ayiti.
Philippeson Juste se yon jèn powèt. Nan "Bout souf" li moutre nou pwomès li an ka dire. Pwomès li an ka ale lwen. Youn nan tematik ki plis parèt nan rekèy li an se tandrès, kò, lanmou, erotism, vil, lavi, epi gen koze enjistis tou. Pwezi a koule. Mo yo touche kè. Gen emosyon nan jan powèm yo fleri nan nou an. "Bout souf" fè nou panse ak Darly Renois yon powèt ki sòti Jeremi nan menm vil ak otè a. Nan fason Philippeson Juste rakonte ti istwa kache yo, nan fason li fè mo yo pale sa yo pat dwe pale. Se de inivè diferan, men nan kesyon diskou powetik nou panse ak powèm Darly Renois yo. Powèm yo klè, senp, men yo pot istwa ki envite n reflechi. Powèt la pa nan fòse fè pwezi. Tèks yo pa lou. Se istwa k ap rakonte. Se sous k ap jayi. Se mo k ap fleri nan kè lavi. Se mizik k ap jwe. Mo yo vin pou kont yo, ak tout souf yo, ak tout vag yo, ak tout ritm yo. Mo yo granmoun tèt yo nan powèm nan. Mo yo rizib, yo bèl, mo yo chèlbè. Gen konparezon ki apresyab. Gen vè ki gen gou lavi ak lanmou.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.