Premyeman se pwoblèm sikilasyon. Ekriven ayisyen yo paka sikile jan yo vle pou al fè atelye ni rankont nan vil pwovens yo akoz ensekirite k ap taye banda nan peyi a. Gary Victor avèk Marc Exavier se 2 ekriven ki fè pati ekriven ki plis fè toune nan vil pwovens yo. Dezyèmman festival yo limite, ki vin poze pwoblèm rankont. Otè Pòtoprens pa ka vin nan festival Ench ap li, Okay ap li, Pawoli elatriye. Otè Ench pa ka vin nan Salon liv Pòtoprens. Nou t ap renmen wè otè yo pi mobil, sa ki t ap pèmèt plis transmisyon.

Twazyèmman gen pwoblèm achiv ak bibliyotèk oubyen sant rechèch. Tout bibliyotèk prèske fèmen nan peyi a. Sa ki pa fèmen gen pwoblèm liv. Bibliyotèk yo pa resikle toutan. Bibliyotèk Nasyonal Ayiti fèmen depi plis pase yon lanne. Poko gen okenn kominike ki di kilè lap relouvri. Direksyon Nasyonal Liv (DNL) pa fèmen. Men nou pa twouve yo aktif jan sa te konn fèt sa gen 3, 4 lanne. Toujou menm anje yo, menm obstak yo. Men sa pa fè jenn yo sispann kreye pou sa. Nan tout katkwen peyi a gen yon powèt, yon womansye. Yon nouvelis. Literati se prèv vivan ki moutre nou ka reve lespwa. Pou ane 2025 lan ki koumanse, nou seleksyone pou kèk jèn otè yon lis pri yo ka patisipe. Pri literè yo pèmèt otè yo jwenn jwenn plis lejitimasyon. Li pèmèt nou dekouvri kèk nouvo vwa tou.