Yon moun pa bezwen spesyalis nan edikasyon pou konnen youn nan pi bon mwayen pou fòme ti moun, jèn, se fè yo li. Lekti fè yo konprann pase yo. Li jayi limyè nan tèt yo. Li devlope sans yo. Li fè yo aprann byen vit. An Ayiti anpil lekòl neglije biblyotèk oubyen atelye sou lekti. Pafwa genyen ki gen biblyotèk men yo sèvi avèk li se lè yap bay yon elèv pinisyon yo voye l al met ajenou ladan l. An Ayiti dwe gen yon veritab politik pibiblik pou mete plis biblyotèk nan lekòl yo. Genyen liv yo, gen otè yo, men se volonte ki manke. Jodi a Koleksyon Nayou Marc Exavier pibliye nan C3 edisyon se yon prèv djanm nou gen ase resous. Marc Exavier se youn nan otè k ap milite depi plizyè ane sou koze sila. « Mete liv nan lekòl yo ». Se pa lè elèv la fini tout klas segondè li, se lò sa pou l ap li Gouverneurs la rosée, Compère général Soleil…
Marc Exavier pagen lontan li pibliye yon koleksyon liv pou ti moun ki rele Nayou. Se yon koleksyon bileng li pibliye kay C3 edisyon. Alarive Nayou / à l'arrivée Nayou (À partir de 5 ans). Nayou nan Festival liv / Nayou à la Foire du livre (À partir de 5 ans). (Men sa Nayou renmen manje/ Ce que Nayou aime manger (À partir de 5 ans). Nayou al lopital/ Nayou à l'hôpital ( À partir de 5 ans ), Nayou pral nan lanmè / Nayou va à la plage (À partir de 5 ans). Koleksyon liv sila ap aprann ti moun yo viv, konprann peyi yo, peyizaj yo, plaj yo. Se yon liv san pou san pedagojik men ti moun yo jwenn anpil plezi lè yap li Nayou, majorite ti moun. Yo senpatize yo byen rapid ak Nayou. Nayou se yon non ayisyen. Kote bileng lan ede ti moun yo antre nan inivè tou 2 lang yo. Foto kouvèti yo atiran.





Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.