Mwa out 2025 k ap vini la ap fè 100 ane depi lanmò Georges Sylvain (1866-1925), youn nan pi briyan entelektyèl ak patriyòt Ayiti te janm genyen. Avoka, ekriven, lengwis, diplomat, Georges Sylvain kite yon eritaj ki toujou enpòtan nan literati ayisyen an ak nan batay pou diyite pèp ayisyen an. Anivèsè sa ki ap vini la ta sipoze yon okazyon pou nou retounen sou vi l, angajman l ak kontribisyon l nan kiltirasyon lang ak nasyon an. Se ta moman pou ministè Kilti, Direksyon Nasyonal Liv nan peyi a fè plis pwomosyon pou zèv potorik ekriven sila.

Nan yon epòk kote idantite ak kilti nou toujou ap fè fas ak defi, li enpòtan pou jèn yo ak elèv lekòl yo dekouvri zèv Georges Sylvain yo. Travay li montre valè lang kreyòl la, nesesite pou panse nasyon nou an ak lit kont tout fòm dominasyon. Li se yon egzanp angajman pou literati, edikasyon ak diyite pèp ayisyen an. Lejènda li dwe viv pa sèlman nan liv listwa, men tou nan lespri chak jenerasyon k ap vini. Li Sylvain, se aprann renmen lang ak kilti pa nou, epi kontinye batay pou yo. Enstitisyon ki responsab pou pwomouvwa literati ak kilti peyi a ta omwen dekrete ane 2025 sila ane Georges Sylvain. Fè kòlòk, reyedite liv li, fè konferans sou zèv li, mete li alonè.