" Powèm sa se yon kout souf, yon kout rèl, yon anmwesekou ki benyen nan yon pli mo. Adjeridan se yon apèl pou fè nou sonje, nou gen yon peyi k ap nwaye. Nou pa ka kontinye ak menm vye pratik depi lontan yo ki mete nou nan lòbèy sa nou ye la. Adjeridan se yon alèt pou di gen danje toupatou tou. Mond lan anba tout fòm menas, men bizaman, se lèzòm ankò ki pi gwo menas latè. Nou dwe travay plis pou redwi soufrans moun olye n ap panse pou kankannen lemond. Se pou sa, mwen kòm powèt, mwen pwopoze pou detwi bonm nikleyè yo. "
" Adjeridan pou mwen se tankou yon premye oubyen yon dènye pitit. Oubyen yon dènye mizik atis mwen renmen anpil la fenk soti. Se tankou yon dènye kout penso pou mete bout nan yon zèvda. Souvan, m menm konn pè louvri Adjeridan pou jan moun ki li tèks la pale m de li. M pè li tèks la pou m pa tonbe sou yon detay m pa renmen. ", se sa powèt la deklare, pandan li fè konnen powezi tann li lib nan panse l.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.