tande non kamarad
se lanfè n ap vann isi ba
sa pa ebranle m si moun yo pouryanis
depi Gòlgota
y ap aprann nou lanfè
e se depi Gòlgota tou
yo aprann nou vann lanfè

se lanfè nou vin vann isi ba
yon ti bebe fè plis peche
pase mon pè
se nòmal pou n jije l
kondane l
lage l nan lanfè