Pouki m te kase tèt tounen nan riyèl la ? pouki se mwen sa rive ? pouki se pa zòt ? pouki m kwaze ak jou sa a ? Ak moman sa a ? Ak limyè sa a ? Pa rete anyen pou m di. Dife boule tout pawòl tout rèl. Pa gen mo pou envante lavi ankò. Jis nan dòmi pa gen mo. Pa mande m di anyen. M pa moun. Nou pa moun. Si nou viv nou pa moun. Beethova oh ! Nan moman an gen yon bagay k ap pase, k ap pase manje moun. bwè san moun, bwè san tchovi yo, degaje w pa kwaze avè l, men l ap mache chèche w. W ap veye yon rimè vwa kòm rèv. Eske w kwè ? Eske w gen lafwa ? M konn sa ki rele jibye. M konn sa ki rele chasè. Se jibye k ap manje jibye isit. Kisa pou m di ? Kisa pou m chante ? Ki lantèman ? Ki mizerere nobis ? Ki libera ? Ki dlo beni sou ki fontèn tèt ? Yo konn antere lafimen ? Pouki m te kase tèt tounen nan riyèl la lè m tande tire a ? Pouki pawòl yo tounen sann nan gòj mwen? Pouki pawòl yo eklate tout dan nan bouch mwen tankou kout kòs fizi. Kout kòs fizi nan tout anba tivant mwen. Pouki dlo nan je tounen wòch ki pete je m epi lage m nan yon fè nwa ki vale m? Pouki w ap mande m pale ? Pouki m te kase tèt tounen nan riyèl lan le moman limyè vin file tankou manchèt sou mwen ? Manchèt ap devore zanfan yo. Pa konsole m. Pa gade m. M deja janbe. Gen yon grif k ap devore matris mwen. San matris mwen tonbe tak tak tak nan boukan dife. Poukisa kòk la te chante nan seren an ? Tout lanwit m te kenbe ti pye l nan menm. Ti pye l ki te glase. Li vin fè yon ti dòmi lè kòk la sispann chante. Tete m nan bouch li. Ti men l ap prije vyann mwen dousman. Pouki m te kase tèt tounen nan riyèl lan ? M swaf lanmò.
Kettly Mars





Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.