Dézafi se premye woman an kreyòl literati ayisyèn nan. Piblikasyon liv sa make yon moman enpòtan nan listwa literè ayisyèn nan. Kritik yo konsidere pwodiksyon literè sa tankou yon evenman san parèy pou emansipasyon kiltirèl ak lengwistik pèp ayisyen an. Se yon woman ki jwenn yon plas toutbon pami zèv literè nan lemond. Jan woman an ekri a, li fè lektè a konprann reyalite pèp ayisyen nan sa l ap sibi chak jou. Men yon bout ekstrè nan liv total kapital sa a.
" Branch boua makònin lan fon youn vié lakou koté vivan dé pié pasé raman. Youn ponyin sèl kòmansé fonn lan youn bonm dlo cho. Youn bonm dégradé, kolboso toupatou, noua anba kouch lafimin. Lan mitan youn boukan difé, youn latriyé grinn sèl tanmin pété. Lavi ak lanmò pa janm sispann troké kòn.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.