“Mizѐ ri kòd”, yon litani ki bout kote zòrèy limite lorizon zye nan makonnay pawoli yon jenn, yon konsène k vle kondane lemwayis anndan lakay, maltrete, malmennen. Nan manje dan, tout emay disparèt pou ekspoze rasin anba pwa senkant reyalite tribilasyon nan riban trese lamizè sou poto.
Ledikasyon ki se yon travay kolektif nan taye lavni pa kab chita nan lemwayis.
Wilkens Scott Fifi blayi tout souf li nan yon “Mizѐ ri kòd” san mal pou wont, san sentray baboukèt lespri. Santiman lanmou simaye nan depliyan kòz chak konbinezon mo ak son pou lespri nou paweze sou balanswa byen ak mal pou reyalite sote kòd sou plas katedral fristrasyon lamizè: “Mizѐ ri kòd”, mizѐrikòd jenifleksyon nan lomeyans mare douz ne dri peyi n, peyi Wilkens Scott Fifi, jouk li rele tankou “Fanmi Pitit Kay” Jisten Lerison te konn kònen lanbi debarase yon nasyon tankou otè a di: “… Politik pik k ap pike fwa pete fyèl peyi m
Politik pyan grenn sal mazanza”
Wilkens Scott Fifi, ak gran gagann li, di: “… jodi m deseche lonbrit mwen m bliye wouze nan
demanbre kwayans nou pa enpòtan lespri zansèt nou prime sou nou liy nou trase nan tan
bèt volay chante pou lavi
n zòn nou defini nou kriz lenfini”
Menm si “pise gaye pa kimen, otè “Mize ri kòd” la pote lespwa blayi sou fenèt lorizon:
“Jou n parèt ak vrѐ konsyans nou tout pwofesi n t ap akonpli tout lèv t ap konn gou souri letènite”
annapre yon lapriyè san konfesyon.
Wi! Wilkens Scott Fifi kòd ri lamizè va kase sèk san kri, san rèl, san eko anvan nou janbe kontre sa nou pa wè yo!
Gary S. Daniel / Nѐg Gonbolyen





Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.