FELmag, yon pwojè pou konekte kominote kreyolofòn yo

Depi nan premye paj magazin nan, Anivince Jean Baptiste, prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, klè sou yonn nan objektif kle FELmag : « Nou p ap janm bouke di sa. Klèwonnen sa tout lasent jounen menm, si se sa ki pri pou yo tande nou, pou yo konprann nou epi aji. Li trè enkonsevab, inimajinab, pou Ayiti, pi gwo kominote kreyolofòn nan lemond pa rive enplante tout yon flonn aktivite ak inisyativ nan enterè devlòpman kreyolofoni. Li enkonsevab pou pa genyen yon latriye espas pou fasilite plis echanj kiltirèl ak entèlèktyèl nan mitan nou menm pèp kreyolopal ki nan Karayib la ak nan Oseyan endyen ki tèlman gen kichòy pou n boukante, pou n pataje, pou nou rakonte yonn lòt. Se pou desann fe anomali sa yo menm nou te kreye Festival Entènasyonal Literati Kreyòl an 2019.