« Titanik 16 » se premye woman ekriven Litainé Laguerre. Liv sa eksplore lavi prizonye yo nan Penitansye nasyonal, ki se prensipal sant detansyon nan Pòtoprens. Se yon espas imilyasyon, kote diyite moun pa egziste. Malgre tout soufrans li konnen, Tiga ki se pèsonaj prensipal nan roman an, temwanye sou tout kalte tribilasyon li pase andedan prizon sa a.

Otè a denonse yon systèm ki kenbe moun anba opresyon : « Ou prije m jouk ji m bay la anmè. Ou tòde m jouk dlo m bay la ble. Ou tòtòt mwen jouk san m bay la nwè. Ou gaye m kou djanni ki pèdplas. » (Paj 13)