Pou ki sa yon leksik ( rekòt mo ) kreyòl vodou ? « Mo rasin, mo vodou » Fabienne Simplice ekri pote repons kesyon sa a. Se yon fason pou nou konnen mo sa yo toujou nan pale chak Ayisyen. Vodouyizan oubyen lòt moun kapab itilize yo pou divès rezon. Nan chak tradisyon, gen mo ki pa senpleman son; selon otè a, mo sa yo se kle, se pòt, se memwa. Nan vodou, chak mo pote rasin, chaj mistik, epi yon lyen ak lespri zansèt nou yo, epi lanati. Fabienne Simplice ap siyen liv sa a nan Livres en Folie ane k ap fèt jou k ap 19 juin, kay Frè yo nan Petionvil.

Tankou tout diksyonè, leksik Fabienne Simplice gen lòd ladan l. Li gen yon lòd alfabetik. Soti nan A rive nan Z. Se yon liv ki fasil pou yo li. Li gen klate ak presizyon ladan l. Se yon bon zouti pratik pou tout vodouyizan k ap pale, k ap repete mo sa yo. Se yon seri mo ki pa kon sa kon sa. Ou ka envoke ak yo, ou ka pase lòd, ou ka fè anpil bagay ak yo, jan otè a di sa nan entwodiksyon liv la.