Twazyèm tòm liv Fabienne Simplice la, « Konesans vodou », gen 260 paj ki repati sou 19 chapit. Chak chapit trete yon sijè pou kont li. Men tout chapit yo konekte youn ak lòt. Nan kòmansman liv la, Fabienne prezante baz fondamantal vodou a. Pou li, vodou a se yon relijyon, yon tradisyon espirityèl ki gen rasin li nan Lafrik men ki devlope an Ayiyti pandan epòk esklavaj la. « Li baze sou koneksyon ak lwa yo, ki se lespri ki sèvi kòm entèmedyè ant Bondye ( Granmèt, Bondye tout pouvwa a, Bondye lavi a ) ak lòm », se sa Fabienne Simplice ekri nan liv li a, pandan li fè konnen tou vodou a pa sèlman yon relijyon, men li se tou yon sistèm filozofik ak kiltirèl ki anrasinen nan lavi chak Ayisyen.
Nan liv li a, otè a fè konnen tou vodou a kanpe sou plizyè prensip esansyèl tankou : jan vodou a konekte nou ak zansèt yo, relasyon moun ak Lanati, konesans ak sèvis esprityèl, kote yo pratike vodou a ( peristil ak ounfò ) ak enpòtans moun genyen nan vodou. Pi lwen, Fabienne fè yon rezime istwa peyi a, istwa pa nou, soti nan chenn pou rive nan libète. Li esplike kouman gwo nasyon kolonyalis te tabli lesklavaj, kote yo t al kidnape Afriken yo an Afrik epi fòse yo monte nan kal bato negriye pou pote yo al fè yo tounen esklav an Amerik. Li fè konnen ke kondisyon lavi yo te difisil anpil pandan vwayaj sa a.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.