« Tray » se istwa yon jèn fi, Klodèt, ki te pase anpil peripesi ak pitit li, Sabin, yon timoun li te fè san l potko pare. Nan liv sa a, otè a vle atire atansyon jèn kou granmoun sou enpòtans pou yo byen reflechi avan yo pran yon seri desizyon nan lavi yo tankou desizyon pou yo fè pitit. Se yon obsèvasyon sou sa ki pase deja nan sosyete a otè a chwazi mete sou papye. 

Liv la ekri nan yon fòm senp, yon fason pou otè a pouse plis moun konprann ki sa ki ka gen deyò a nan zafè mennen lavi san kontwòl. Se yon liv ki louvri je nou sou dega fanm ak gason k ap fè pitit san kontwòl yo fè nan sosyete a. Lè timoun nan fèt nan move kondisyon, li ka pouse l al fè move zak nan sosyete a pi devan, dapre otè a.