Nan liv sa a ke li dedye ak fanmi li, Josué Eliassaint prezante sa n te ka rele yon radyografi agrikilti peyi d Ayiti ki malad depi plis pase 20 lane. Se yon liv kote otè a ap fè pwomosyon pou edikasyon agrikòl, valorize agrikilti, espesyalman agrikilti ayisyèn nan.

“Dekouvri chimen agrikilti”, se yon envitasyon Josué Eliassaint fè ak tout kalite moun, otorite nan leta a, peyizan, jèn kou granmoun, pou yo vin dekouvri richès ki genyen nan travay latè, yon sektè ki enpòtan anpil nan devlopman tout peyi. Manyèl edikasyon sa a se tankou yon repons ak inyorans moun ki konsène yo sou sektè agrikòl la nan peyi a.