« Tèm edisyon Festival entènasyonal literati kreyòl ane 2025 lan pati tankou yon lòd dous, yon apèl limyè ki envite tout kreyolofòn ak kominote kreyolofòn sou latè asime responsabilite moral ak responsabilite istorik nou genyen an favè pwomosyon ak devlòpman literati kreyòl / lang kreyòl : Li ! Li ! Li kreyòl !

Li ! Li ! Li kreyòl ! Paske gen ekriven, powèt, lengwis, entèlèktyèl… k ap pwodui liv nan lang kreyòl ; paske gen mezon edisyon k ap pibliye liv nan lang kreyòl ; paske gen bibliyotèk, sant dokimantasyon… ki gen liv nan lang kreyòl sou etajè yo; paske, anvan nou, genyen moun ki t ap ekri an kreyòl e, aprè nou, genyen moun k ap kontinye ekri nan lang kreyòl. Li ! Li ! Li kreyòl ! Paske gen fwa liv ak festival liv ki espoze ak vann liv kreyòl ; paske gen enstitisyon k ap travay chak jou pou lang ak literati kreyòl kontinye pete plafon ; paske, an mòd Félix Morisseau-Leroy, ekriven k ap ekri an kreyòl yo gen pawòl pa yo pou yo pale ak moun pa yo ;  Li ! Li ! Li kreyòl ! Paske… Paske… Paske… Paske ».