« Koze Mennen Pawòl », se yon konpilasyon nèf pyès kout ki mete aklè tout sa ki gen nan relasyon moun ak moun, jan moun wè moun epi sa k bay moun gou pou viv chak jou. Koze mennen pawòl pa neglije montre nonplis kijan tout aksyon yon moun poze se rezilta kilti, koutim ak mès ki tabli nan sosyete l ap viv la.

Pèsonèlman se yon travay ki pa fèt ni nan prese ni ak eksè. Koze Mennen Pawòl pa nan tilititi, li met chak pèsonaj li yo kanpe ak tout senplisite yo kit se nan jan yo pale, jan yo konprann lavi a. Koze Mennen Pawòl se nou tout nan peche prive nou, nan foli nou, nan espiritous santous nou.