Peyi nou pa kapab fè wonnpòt si nou pa mete lang kreyòl la nan wonn sant lan, dixit Akademisyèn Rosilia François Corneille, prezidan AKA.

Soti Pòtoprens kote Akademi Kreyòl Ayisyen te lanse ofisyèlman mwa kreyòl 2025 lan lendi 6 oktòb, vire nan Depatman Nò ak Nòdès nan kad yon toune espesyal (13 rive 16 oktòb), prezidan AKA a, akademisyèn Rosilia François Corneille pote yon pawòl fò: “Lang Kreyòl, zouti devlòpman tout repiblik la”. Pawòl sila a ki se egalman tèm mwa kreyòl ane a vini ak fòs pou raple n " Peyi nou pa kapab fè wonnpòt si nou pa mete lang kreyòl la nan wonn sant lan".