Nan 7èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL 2025), Anivince Jean-Baptiste trase yon gwo tablò sou enèji, solidarite ak kreyativite ki make evènman an. Ant seremoni lansman an ki te klere ak diskou, patisipasyon atis ak enstitisyon kiltirèl, ansanm ak panèl vityèl ki rasanble plizyè figi nan kreyolofoni an, FEL 2025 konfime wòl li kòm yon espas limyè, pataj ak transmisyon pou lang ak kilti kreyòl la. Evènman an make pa angajman ekip la ak vizyon pou kontinye bati yon kreyolofoni solid, vivan, ini.

Le Nouvelliste : 7èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL 2025), drese tablo pou sila ki pat gen chans patisipe nan FEL.