Depi 20 fevriye 2024, vwa Frankétienne gaye nan lenfini-letènite pou nyaj pote nouvèl bay ti kap bwa kokoye nan bab solèy midi.

Gen moun ki di yo tande vwa l nan koridò sèt kout ponya, nan alelouya tout voum se do, sou pwent tete madan  kolo, nan fant janm lari pòtoprens tèt pyas.