Nan yon kapsil li te fè pou ankouraje plis moun — sitou jèn yo — patisipe nan “Salon du Livre et des Arts du Grand Nord”, nan kòmansman ane 2026 la, otè liv Paracréolistique la, Marc-Arthur PIERRE-LOUIS, yon entèlèktyèl ayisyen wòdpòt fè konnen, « pa gen anyen serye yon sosyete ka fè san li pa mete liv devan ». Sa fè nou konprann, pou yon peyi pran chimen pwogrè, liv/lekti dwe nan wonnsant lan. Nan atik sa, nou mete pwojektè sou yon aktivite espesyal sou liv ak lekti REN te reyalize. Yon inisyativ ki ka sevi kòm baz pou ede Ayiti pran chimen pwogrè.

Se nan pèspektiv sa, nan mwa fevriye 2026, òganizasyon ki pote non “Rassemblement pour une Entente Nationale (REN)” te  pran plezi envite elèv, etidyan, editè, ekriven, pwofesyonèl tout kalite melanje ak manm estrikti a, nan dezyem edisyon a « Jounen liv REN », yon aktivite literè fètefouni pou ankouraje kilti liv ak lekti anndan pati a.