Se nan nimewo 36, nan ri Faubert, mèkredi 18 mas 2026 la, jounalis epi kritik literè Claude Bernard Sérant te monte tribin pou pale sou youn nan poto mitan literati kreyòl la: Pauris Jean-Baptiste. Evènman sa a te fèt nan kad mwa omaj (16 mas-16 avril) Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ap rann akademisyen an pou angajman nan enterè reyònman lang kreyòl la. Yon inisyativ ki remete pwojektè sou travay akademisyen an kòm eritaj vivan pèp ayisyen an.

Sérant, ak yon plim ki konn fouye zo nan kalalou, te chwazi pran ang sansyalite telirik, sa vle di mannyè otè a fè tè a pale, fè rasin yo chante, nan woman Nan lonbray inosans, ki se premye woman kreyòl ki ranpòte “Prix Deschamps” nan lane 1985. Entèvenan te ouvri plizyè fenèt literè sou yon tèks ki, dapre Sérant, pa sèlman yon istwa. Pou li menm, li se tou yon wout pou rive konprann idantite ayisyèn lan nan rapò li ak latè, memwa, ak rezistans.