Pwezigede se yon tèks ki parèt premye fwa nan lane 1985 nan fen rejim diktati Duvalier a (1957-1986). Se powèt Christophe Philippe Charles, non atis li Christophélès, ki te ekri l, men li te pibliye l sou yon lòt non St-Jacques Louverture yon fason pou l te ka pale libelibè san l pa mete lavi l an danje. Pwezigede parèt 40 lane apre, nan lane 2025 sou bon non otè a, non atisplim li, Christophélès. Nan lane 1985, rejim Duvalier a te konn sèvi ak makout pou pèsekite, mete nan prizon oubyen fè disparèt moun pami yo ekriven kap kritike systèm nan. Nan kontèks sa, anpil ekriven ak powèt tankou Christophe Philippe Charles te sèvi ak plim yo kòm zam pou reveye konsyans pèp la. Pwezi sa angaje, se yon fòm rezistans kiltirèl kont opresyon. Li se yon temwanyaj sou epòk diktati Duvalier a, li denonse yon bann pwoblèm sosyal Ayiti t ap fè fas.

Enjistis, lamizè, degradasyon sosyal ak egzòd