Nan kad 32 zyèm edisyon «Livres en folie», ki pral fèt jedi 4 juin 2026, nan El Rancho Convention Center, Petyonvil, youn nan liv ki merite atansyon nou se M ap Chèche Yon Moun, yon liv pwezi kreyòl ke Dominik Thelam ekri pou l touche ak chanje chak Ayisyen.

Kouvèti liv la deja di anpil bagay. Anpil figi moun ki kole youn ak lòt, ki trase ak men atis Chevelin, sa ki kreye yon imaj kolektif ki pale sou pèp la nan tout divèsite li. Se pa yon sèl moun Thelam ap chèche, se Ayisyen an nan tout sa li kapab ye.