René-Frédéric Rouzeau propoze ane sa dezyèm pati Liv li a ki rele « Eritye a » ( Sekrè zetwal yo). Liv sila se yon woman. Li mete an valè kilti vodou a, epi pèmèt lektè yo gen yon lòt vizyon sou kilti sila. Woman sa a, René-Frédéric Rouzeau pibliye l nan mwa jen 2026 lan nan edisyon « Kopivit-L’Action Sociale ». Menm jan ak premye volim nan, dezyèm volim woman sa genyen 11 chapit tou, men li gen 104 paj. Premye volim nan te gen 84 paj.
Eritye a se yon woman ki mele mistè, espirityalite ak verite. Li gen 11 chapit. Ak yon ekriti senp, otè a revele sekrè mistik yo. « Depi lontan, nan tout kilti, moun toujou rakonte istwa sou èt ki soti nan syèl, sou konesans avanse yo te bay premye sivilizasyon yo, ak sou lyen ki genyen ant limanite ak zetwal yo. ki yo te rele yo dye, lespri ouswa vizitè, yo toujou fè pati istwa nou. Nan epòk avan delij la, koneksyon sa yo te rive nan pi gwo nivo yo : se te yon reyalite », se sa otè a ekri.





Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.