Liv sa a ki genyen 48 paj epi ki pibliye anba lobedyans edisyon Kopivit Aksyon Sosyal divize an 5 chapit. Premyeman « Yon eritaj kolonyal, chaje kouleba ak sans », dezyèmman « Defans tèritwa a kòm prensipal priyorite », twazyèmman « Dezenteresman yo pou edikasyon », ansuit « Prejije kont mas popilasyon nwè a » epi « Konpòtman kèk aktè vizvi sektè edikasyon an ».
Dapre sa ki prezante nan dokiman an, mank levasyon ak fòmasyon ki reponn se pi gwo pwoblèm ki lakòz povrete ak mank devlopman ki bloke peyi Ayiti depi plizyè jenerasyon. Istorikman, depi nan epòk kolonyal la rive senkant an apre Endepandans, otorite yo pa janm montre okenn enterè reyèl pou fòme popilasyon an tout bon vre, daprè otè a ki fè konnen malgre enpòtans sektè katolik ak pwotestan yo nan edikasyon akademik jèn yo, fòmasyon sa a pa ride sitwayen yo devlope kapasite pou kreye richès. Okontrè, daprè « Prix Deschamps 1985 » lan, li fòme moun san okenn santiman patriyotik ak lespri sivik, kote moun yo plis oryante pou y al bouske lavi nan « paradi » olye pou yo travay pou devlopman peyi yo.





Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.