« Kwè nan rèv ou » rakonte istwa yon ti gason ki rele Jonas, ki te gen yon gwo rèv : li te vle vin yon foutbolè pwofesyonèl. Malgre tout difikilte li te rankontre sou wout li, li pa t janm dekouraje. Okontrè, li te toujou rete motive, li te travay di epi li te pran pasyans chak jou pou l avanse pi devan.

Liv sa a se yon mesaj pou tout moun ki gen rèv ak objektif. Nan liv sa ki ekri nan lang kreyòl, otè a pote yon leson klè : kèlkeswa difikilte yon moun rankontre, li pa dwe abandone. « Rèv nou yo enpòtan. Nou dwe kontinye pouswiv yo chak jou, paske yon jou n ap jwenn gwo viktwa. Pa janm lage,» se sa jèn otè a ekri nan youn nan pasaj liv la.