Association FEL Caraïbes anonse sou rezo li yo gran lansman – vant 3èm nimewo FELmag, jedi 16 jiyè 2026 la, 11èAM – 1è, nan Direction Nationale du Livre, sou Wout Boudon an. Nan papye sila a, nou pote pou ou entegralite pawòl Anivince Jean Baptiste, prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, pou entwodui nouvo nimewo FELmag sa a ki genyen plis pase 100 paj. 

« Toudabò, lè nou pale de Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, kisa sa charye ? » Se avèk kesyon sa a jounalis senyò Wendell Théodore te akeyi nou 3 desanm 2025 nan emisyon « Le Point », sou Radyo Tele «Metropole», nan menm jou lansman 7èm edisyon festival la nan Otèl Montana. Anivince : « Yonn nan premye sa ki moute nan tèt nou lè nou di Festival Entènasyonal Literati Kreyòl se pozisyon santral Ayiti nan kreyolofoni an ». Yon repons konsa te vize, alapapòt, plase peyi Ayiti devan responsabilite istorik li genyen pou l dandevan nan tout dinamik pwomosyon lang ak literati kreyòl atravè lemond, presizeman nan rejyon Karayib la ak nan Oseyan endyen. Pi devan, nan emisyon an, mwen menm ak Gertrude Séjour ki se responsab Relasyon piblik FEL, te mize anpil sou nesesite yon solidarite pwodiktif nan mitan pèp kreyolofòn yo ki dwe jwe fò nan reyònman ak anrichisman lang kreyòl.