Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) lanse ofisyèlman Premye Senpozyòm Anyèl Etid Kreyòl Ayisyen an, yon aktivite k ap dewoule nan vil Okap soti 24 pou rive 26 jiyè 2026. Evènman an vize ranfòse refleksyon syantifik sou lang kreyòl la epi ankouraje devlopman ak estandadizasyon li, jan Konstitisyon 1987 la prevwa.
Seremoni ouvèti a fèt 23 jiyè 2026 nan Otèl Vila Kana, kote plizyè responsab inivèsite, reprezantan enstitisyon leta ak òganizasyon entènasyonal te patisipe. Plis pase 100 moun enskri pou pran pati nan senpozyòm nan.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.