Dwa lengwistik se dwa chak moun genyen pou li pale, ekri, reflechi, aprann, kominike epi resevwa sèvis piblik nan yon lang Konstitisyon peyi li rekonèt. Dwa sa a gen menm enpòtans ak lòt dwa fondamantal yo, tankou dwa moun viv, travay, resevwa ledikasyon,  lasante, sekirite ak lajistis. Atik 5 Konstitisyon 1987 la rekonèt kreyòl ak fransè kòm de lang ofisyèl Repiblik Ayiti. Menm atik la deklare tout Ayisyen ini gras ak yon lang komen, ki se lang kreyòl la. Se poutèt sa, otorite Leta yo gen obligasyon pou yo pran tout mezi ki nesesè pou yo pwoteje dwa lengwistik popilasyon an. Tout enstitisyon ki fè pati pouvwa egzekitif, lejislatif ak jidisyè ta dwe mete anplas mwayen ki nesesè pou yo fè respekte dwa sa a. Sa mande, pami lòt mezi, pou dokiman ofisyèl, lwa, règleman, desizyon administratif ak enfòmasyon ki konsène popilasyon an disponib nan de lang ofisyèl peyi a.

Lang kòm zouti kominikasyon ak mak idantite yon pèp