Sou tèm vizyonè « Kreyòl pale lasyans, lasyans pale kreyòl », responsab Association FEL Caraïbes yo anonse sou rezo yo 8èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl soti 2 pou rive 6 desanm 2026 la. FEL 2026 la, k ap dewoule nan fòma ibrid prezansyèl/vityèl, mete alonè de (2) pèsonalite : ekriven ayisyèn Maude Heurtelou ki pibliye kat (4) woman ak plizyè santèn liv pou timoun nan lang kreyòl epi ekriven, kontè gwadloupeyen Benjamin Moïse anpil moun konnen sou non Benzo.
Kreyòl pale lasyans, lasyans pale kreyòl






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.