Okenn nan nou pa konnen ki mò Lanperè mouri. Nou tout dakò sou sa. Menm jan tou, okenn nan nou pa konnen ki kote Lanperè sòti. Nan jou dimanch 13 septanm 2026 lan, pandan li t ap bay yon diskou devan popilasyon vil Gonayiv la, kandida pou predizan sou banyè Viktwa a, Wilner Joseph, deklare Jean-Jacques Dessalines fèt nan vil Gonayiv. Deklarasyon an gaye toupatou sou rezososyal yo. Anpil moun kritike kijan kandida a manke kilti istorik, kòm si yo tout konnen avèk sètitid moun ki kote Dessalines ye. Si nou ta pran poze yo kesyon, nou t ap rann nou kont koze a pa pi klè pase sa. Alòs, Dessalines se nèg Lafrik oswa nèg Kreyòl ? Si li se nèg Lafrik, ki kote egzakteman li sòti ? Si li se nèg Kreyòl, nan ki plantasyon li te fèt ? Kontrèman ak sa anpil moun ta ka panse, kesyon sa yo pa senp ditou, sitou si n ap tann repons anba bouch moun k ap fouye zo tout bon nan kalalou. Armand Levasseur, Jean-Baptiste Lemonnier-Delafosse, Alphonse de Lamartine, Dorsinville, Antonio del Monte se kèk nan moun ki mennen rechèch istorik sou orijin bosal (nèg Lafrik) Dessalines. Lè nou fouye temwayaj oswa enfòmasyon ki plizoumwen konsène lavi Dessalines yo, li parèt pi fasil pou w ta di Dessalines se te yon Afriken pase li ta yon Kreyòl. An nou fè on ti vwayaj kilti ansanm.

Koze prezante Dessalines tankou on nèg Kreyòl la, sa vle di yon nèg ki fèt nan lakoloni Sendomeng lan, se yon koze ki parèt nan mitan ak fen diznevyèm syèk la (Jenson 2012, 616). Sa ki vle di : nan listwa nou, nou pat toujou konn repete Dessalines se nèg Kreyòl. Dayè jouk jounen jodi a, pèsonn pa ka di yo gen prèv solid Dessalines se nèg ki fèt nan lakoloni. Pèsonn pa ka di san kè sote nan ki bitasyon li sòti. Nanpwen ni rejis, ni akt batèm, ni temwanyaj nan epòk la pou pwouve yon pawòl konsa. Menm akt batèm nan pa sifi pou di si Dessalines te fèt nan Sendomeng. Moreau de Saint-Méry rakonte nou esklav bosal yo te konn mande pou batize yo pou evite nèg Kreyòl rele yo « chwal ». Kidonk, se pandan yo fin granmoun anpil nèg vin jwenn akt batèm yo.