Nan kad seremoni ouvèti Selebrasyon Mwa Lang ak Kilti Kreyòl pou mwa oktòb 2026 la, prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA), akademisyèn Rosilia François Corneille, te pran lapawòl devan reprezantan laprès, akademisyen, konseye konsiltatif, sekretè egzekitif la ak ekip li, reprezantan enstitisyon piblik ak prive, pwofesè, chèchè, ekriven, atis, etidyan, elèv ak lòt envite ki te reyini nan sal konferans Akademi an, nan Bwavèna.
Nan entèvansyon li a, akademisyèn Rosilia François Corneille te prezante tèm selebrasyon ane 2026 la, ki se: « Lang kreyòl: fòs kreyasyon ak konesans ». Li te souliye enpòtans tèm sa a pou sosyete ayisyen an, pandan li raple lang kreyòl la pa sèlman yon mwayen kominikasyon. Daprè li, kreyòl se yon zouti pou kreye, reflechi, aprann, transmèt konesans, konstwi idantite epi patisipe nan devlopman peyi a.






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.