Gen powèm ki pa sèlman pale ak nou, men ki fè nou tande batman yon kè ki travèse tan, distans ak nostalji. Nan « Ife konpayèl mwen! », Michel-Ange Hyppolite, nou konnen sou non Kaptenn Koukouwouj, envite nou antre nan yon linivè kote pawòl tounen myèl, emosyon pran lari, epi lanmou depase limit monn nou konnen an. Kaptenn Koukouwouj, k ap ekri depi Monreyal, nan peyi Kanada, powèt wodpòte, fè nou dekouvri yon ekriti ki chaje ak imaj, refleksyon ak mistè. Nan okazyon Mwa Lang ak Kilti Kreyòl la, ribrik Bezwen powèm envite nou goute richès powèm sa a, ki soti nan Antoloji kritik pwezi kreyòl Sosyete Koukouy la, pou nou kite kadans mo yo mennen nou nan fon lanmou, memwa ak lespwa.

Ife konpayèl mwen!