Mwa oktòb reprezante depi kèk lane mwa lang ak kilti kreyòl yo. Jan nou konnen, lang se yon zouti ki pèmèt moun echanje tout kalte sa yo genyen ak sa yo bezwen. Ekritoryalite yon lang se youn nan fason ki pote koulè lokal yo, ekspresyon idyomatik ak tout kalte sa ki fè richès lang sila. Nan ka Raoul Altidor, li pa diferan ak liv li a, « Ri pwent chemiz ». Se yon koleksyon istwa an kreyòl ki mennen nou nan reyèl sa moun viv. Liv la depase atant ; li brize fwontyè lokal yo pou l charye lòt orizon ak savè k ap pran fòm lòt kote. Pa egzanp, « Katalina », ki se 2e istwa byen kout otè a rakonte n, rive charye pèsonaj prensipal la ki sòti Bluefields (kòt Ès Nikaragwa) epi ki al viv Portland nan yon lang ki afime tèt li epi ki gen matirite.

Tankou Patrick Sylvain ki se yon kritik sosyal e literè di l nan prefas « Ri pwent chemiz, rantre nan ekritoryalite Raoul Altidor, se rantre nan mondans reyèl ak imajinè misye ki pensote yon akansyèl koulè lokal. Chak kouch koulè se yon reyalite nan mondans ekriven an ki vini ak pwòp senbòl li, pwòp fason pou dekode chak kouch ki parèt klè, men ki bade ak lòt sou koulè lokal ki fè palèt Raoul Altidor rete pwòp a zòn kote istwa yo dewoule ».