Epòk lesklavaj nan koloni Saint-Domingue, te gen gwoup kaptif pami zansèt nou yo ki pa t vle libète. Gen moun ki di yo te pè libète, menm jan anpil moun pè nouvote, etandone zansèt sa yo pa t janm konn lòt bagay ke lesklavaj... Yo di sa konn rive tou yon seri prizonye ki pase lontan nan prizon. Yo pè soti... yo te fin abitye. Petèt se fenomèn yo rele "syndrome de Stockholm" ki dèyè alyenasyon sa a.
Epòk lesklavaj nan koloni Saint-Domingue, te gen Conze ak anpil sousou pami zansèt nou yo. Trèt sa yo te konn vann plan revòlt ak konplo frè ak sè yo t ap monte. Yo te konn komèt zak trayizon sa yo poutèt yon plat manje, pou mèt yo mete yo kòmandè sou bitasyon oubyen esklav nan kay.
Epòk komès moun kòm esklav te kòmanse kaba, gras ak mouvman Abolisyonis yo, te gen zansèt nou nan Lafrik Ginen ki t ap voye pye pou komès la pa fini. Gen nan yo ki te mande batay. Gen nan yo ki te mande dedomajman. Yo pase tout lavi yo ap fè bè yo sou mizè zòt, e yo te atache anpil ak ti enterè yo.
Toujou gen twa tip mantalite sa yo lakay, dapre sa nou wè k ap pase Ayiti depi l pran endepandans jouk jounen jodi a. Se sistèm oligachi peze souse a ki kreye apatrid sa yo ki, anpil fwa, nan konplisite ak peyi etranje ki gen je sou kantite resous anba tè nou yo. Sistèm peze souse sa a pa sanble vle pran konje. Li tounen yon manje ranje. Sa fè nou konprann ki jan chay la lou e ki gwosè defi k ap tann nou. Sa fè nou pi konprann ki kalite mezi radikal ki dwe pran pou Ayiti soti anba move pitit sa yo ki soti pou yo toufe li e antere l tou vivan, pou chwal peyi enperyalis vin galonnen. Se pa ti bale wouze ki dwe fèt pou peyi a rale yon souf, pou l reprann dwa granmoun li.
Ayiti pou Ayisyen!
Batay pou souverènte nasyonal la e pou koupe fache ak sistèm peze souse a, se yon match k ap rèd anpil, k ap mande anpil vijilans ak kokenn chenn sakrifis nan men lelit yo ki sou teren an e nan dyaspora. Naje pou n soti a pa p fasil, men match la pa oblije long. Sekrè laviktwa se byen idantifye lènmi ak fo zanmi. Sinon n ap fè flay e n ap pran anpil gòl... gòl "à main" tou. Se vre lènmi an anndan nou pafwa, men nou pa ka inyore gwo lènmi ki se gouvènman peyi enperyalis, kolonyalis nostaljik, ki nan sen nou, tankou rat mòde soufle. Jean-Jacques Dessalines te avèti nou : "... ils ne sont pas nos frères, ils ne le deviendront jamais et, s'ils trouvent un asile parmi nous, ils seront encore les machinateurs de nos troubles et de nos divisions... Osons être libres par nous-mêmes et pour nous-mêmes".
Ayiti pou Ayisyen !
Yon gouvènman serye ki konprann danje a pa dwe ezite pratike yon "économie fermée" pandan yon bon bout tan, dekwa pou Ayiti soti anba grif fo zanmi malfini yo. Lè sa a fèt, patriyòt konsekan t ap ka di, tankou Maurice Sixto : "Ahh mennen manje ranje sa a ale, alkali sa a, twa de gout sa, a madichon sa a, pichon sa a, giyon sa a, mennen l ale pou l bliye kay bò isi a..."
Ayiti pou Ayisyen !
Pi gwo sekrè laviktwa a rete nan deviz nou "linyon fè lafòs". Linyon an dwe chita sou prensip legalite, egalite, fratènite ak libète nan onètete.
Legalite vle di Konstitisyon se fè, se lalwa ki gen fòs, se pa fòs ki fè lalwa. Li vle di pa gen pèsòn moun ki sou tèt lalwa. Li vle di respekte règ jwèt demokratik la. Li vle di pa gen enpinite.
Egalite vle di tout moun gen menm chans ak opòtinite, pa gen kesyon de monopòl. Li vle di jistis sosyal. Li vle di pa gen bourike pou yon ti kraze. Li vle di pa gen diskriminasyon. Li vle di pa gen "apartheid" nan kesyon lang ak koulè po. Li vle di tout moun se moun.
Fratènite vle di pa gen pa m pi bon, tout moun ladan l, tout moun dwe jwenn, nou tout nan menm bato, nou tout pral menm kote. Li vle di an nou fè konbit solidarite, an nou pa kite yo divize nou, an nou chèche antant, an nou aprann viv ansanm, nan respè youn pou lòt. Li vle di an nou montre tolerans lè youn fè ti dezòd, si l rekonèt fot li e chanje santiman. Li vle di an nou fè tout konpwomi posib san nou pa antre nan konpwomisyon.
Libète vle di dwa lapawòl e dwa pou moun eksprime sa yo ye ak sans responsabilite. Li vle di dwa pou nou dirije avni peyi nou selon enterè lamajorite.
Ap toujou gen alyene mantal, "invertébré", trèt ak sousou nan mitan nou, tankou Jean Conze ak Cicéron Dimanche. Kon sa tou, ap toujou gen moun ak kolòn vètebral, moun ki gen karaktè, tankou Pierre Sully, Antoine Pierre-Paul, Joseph Jolibois Fils, Benoît Batraville ak Charlemagne Péralte. Se konpatriyòt sa yo ki bon jan pitit Desalin (Jean-Jacques Dessalines). Se moun parèy yo ki ka fè revolisyon Ayiti bezwen an.
Sitwayen Ayisyen, ki modèl n ap suiv ? Nan ki kan nou ye ? Ki kote nou kanpe ? Deside n, deside n ! Lapatri an danje !
Si nou pran temwayaj istoryen militan Michel Soukar, ki t ap analize pratik gouvènman Sténio Vincent, li klè ke Ayiti gen yon lekòl politik anti-Firmin (Anténor Firmin), donk anti-nasyonalis e anti-pwogresis, ki chita sou 4 poto :
Demagoji,
Mepri pou Ayiti ak Ayisyen,
San rayisab,
Lespri sinik.
Lekòl sila fè anpil elèv depi lè Sténio Vincent te monte prezidan an 1930. Plizyè nan elèv yo pran pouvwa nan peyi d Ayiti depi epòk la. Se lekòl sa a ki mete peyi a nan tchouboum kote li ye la a. Se li ki koz peyi a ap tonbe leve e ki fè devlòpman pa ka dire. Mèt lekòl yo pa gen anyen yo pa p fè pou yo kontinye gouvène ak konsepsyon Makyavèl yo genyen de pouvwa. Pou yo, pouvwa se toupizi ak fè abi, se pa sèvi ak ede grandi.
Ayiti pou Ayisyen !
Patriyòt konsekan, sitwayen Ayisyen,
Fè lanbi an sonnen !
Peyi nou ap trennen,
Li tonbe nan tenten,
Sa bay kè plen,
Bagay yo mangonmen,
Sitiyasyon an ap anvlimen !
Anfen, ki lè n ap mete men
Pou peyi a yon "perle" pou tout Ayisyen ?
Èske n ap kite l mache kon sa san rete ?
Èske anyen pa p chanje vre ?
Si listwa toujou ap rekòmanse,
Ki lè limyè Ayiti, manman libète,
Ap retounen briye ?
Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.