Moun nan mèt malad byen grav
Kou l mouri, se djyab ki manje l
Gen bagay ki grav pase aksan grav
Fò-n chante, petèt n'a chanje l.
Kouran vin lè li vle, men bòdwo a vini chak mwa
McDonn mande kot sa ap rive?
Bagay yo vin pi mal chak fwa.
"Refren" BIC
N'ap fé jwèt manje tè (Iya iya woo)
Chili ak brezil men bon kanntè (iya iya woo)
N'ap jwe granmoun yo
(Iya iya woo)
N'ap dejwe timoun yo
(Iya iya woo)
Nèg sa yo konn fè tèk bò wonn vre (iya iya woo)
Nèg sa yo konn teke chankre vre (iya iya woo)
Nèg yo konn teke
(Iya iya woo)
Nèg yo konn teke
Teke pèp teke pèp teke pèp teke pèp tèkkkkkk...
McDonn
Yo mande pou n lave menn avan n manje
Pandan nou pa gen dlo pou n fè manje
Nan tiyo ak rezèvwa n yo pa gen dlo
Men nou chaje dlo nan jeee...
Zafèw siw travèse sansinik san gad anwo anba
Lè chèf pran sansinik se toujou sivil ki anba
N'ap gad anba yo
N'ap chante ba yo
Kout plim nou pap fè pa yo.
Refren BIC
McDonn
Hmmmm sa fèm lapenn vre
Nap soufri depi avann sevre
Nou ranje kabann pou yo wii
Men se sou nou yo vin dòmi
Yeah yeah...
"BIC"
Inivèsite-n gen gwo nesesite
Men se medyokrite nou bay priyorite
M pa felisite nou
M pap retire je'm nan je nou.
Iya iya woo
Iya iya woo
"McDonn"yon lekòl tèt anba n'on peyi tèt anba
"BIC"hey! N'ap ba yo lirycs jiskaske sa kaba
"McDonn"hee! Se pa blokis ki genyen vre...
"BIC"men se wout la ke yo bloke
"McDonn"gadon peyi manman dim kisa pou m fè
"BIC"gadon peyi papa
Fòw gen kanson fè
BIC-McDonn Klip studio beat la!
McDonn-BIC tizon dife records
McDonn
N'ap fè jwèt manje tè
(Iya iya woo)
Pitit peyi a ap pran kanntè
(Iya iya woo)
BIC
Nap tchup nap tchup
(Iya iya woo)
Nap tchouk nap tchik
(Iya iya woo)
McDonn
Mezanmi wo nou antrave
(Iya iya woo)
BIC
Mezanmi wo fyèl nap pete
(Iya iya woo)
McDonn & BIC
Anmwee oo anmweee
(Iya iya woo)
.comSi vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Connectez-vousPas encore de compte ? Inscrivez-vous
Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.