Moun nan mèt malad byen grav Kou l mouri, se djyab ki manje l Gen bagay ki grav pase aksan grav Fò-n chante, petèt n'a chanje l. Kouran vin lè li vle, men bòdwo a vini chak mwa McDonn mande kot sa ap rive? Bagay yo vin pi mal chak fwa. "Refren" BIC N'ap fé jwèt manje tè (Iya iya woo) Chili ak brezil men bon kanntè (iya iya woo) N'ap jwe granmoun yo (Iya iya woo) N'ap dejwe timoun yo (Iya iya woo) Nèg sa yo konn fè tèk bò wonn vre (iya iya woo) Nèg sa yo konn teke chankre vre (iya iya woo) Nèg yo konn teke (Iya iya woo) Nèg yo konn teke Teke pèp teke pèp teke pèp teke pèp tèkkkkkk... McDonn Yo mande pou n lave menn avan n manje Pandan nou pa gen dlo pou n fè manje Nan tiyo ak rezèvwa n yo pa gen dlo Men nou chaje dlo nan jeee... Zafèw siw travèse sansinik san gad anwo anba Lè chèf pran sansinik se toujou sivil ki anba N'ap gad anba yo N'ap chante ba yo Kout plim nou pap fè pa yo. Refren BIC McDonn Hmmmm sa fèm lapenn vre Nap soufri depi avann sevre Nou ranje kabann pou yo wii Men se sou nou yo vin dòmi Yeah yeah... "BIC" Inivèsite-n gen gwo nesesite Men se medyokrite nou bay priyorite M pa felisite nou M pap retire je'm nan je nou. Iya iya woo Iya iya woo "McDonn"yon lekòl tèt anba n'on peyi tèt anba "BIC"hey! N'ap ba yo lirycs jiskaske sa kaba "McDonn"hee! Se pa blokis ki genyen vre... "BIC"men se wout la ke yo bloke "McDonn"gadon peyi manman dim kisa pou m fè "BIC"gadon peyi papa Fòw gen kanson fè BIC-McDonn Klip studio beat la! McDonn-BIC tizon dife records McDonn N'ap fè jwèt manje tè (Iya iya woo) Pitit peyi a ap pran kanntè (Iya iya woo) BIC Nap tchup nap tchup (Iya iya woo) Nap tchouk nap tchik (Iya iya woo) McDonn Mezanmi wo nou antrave (Iya iya woo) BIC Mezanmi wo fyèl nap pete (Iya iya woo) McDonn & BIC Anmwee oo anmweee (Iya iya woo)